KONSÈNAN THE HAITIAN TAX ACADEMY

Soti nan difikilte rive nan konesans. Soti nan konesans rive nan endepandans.

Nou pa sèlman anseye yon klas. Nou bati konfidans, nou devlope preparatè epi nou akonpaye moun ki vle kreye yon nouvo opòtinite pou tèt yo, fanmi yo ak kominote yo.

Dekouvri pwogram nan →Vizite Education Center
Logo ofisyèl The Haitian Tax AcademyAPRANN • PRATIKE • LANSE • GRANDI

ISTWA KI DÈYÈ VIZYON AN

Istwa a kòmanse ann Ayiti.

The Haitian Tax Academy soti nan eksperyans yon gwoup jèn Ayisyen ki konnen sa sa vle di pou w soti lwen, pou w travèse difikilte epi pou w refize kite kote w kòmanse a deside kote w ap fini.

Ekip fondatè a grandi nan katye popilè ann Ayiti kote lavi pa t toujou fasil epi kote opòtinite pa t toujou disponib. Lè yo rive Ozetazini, defi yo pa t disparèt. Yo te oblije adapte yo ak yon nouvo sistèm, yon nouvo lang pwofesyonèl ak yon reyalite kote pèsonn pa t ap remèt yo siksè gratis.

Se pèseverans, disiplin ak edikasyon ki te chanje direksyon lavi yo. Etap pa etap, yo etidye preparasyon taks, pwosesis imigrasyon, fondasyon biznis ak finans antrepriz. Konesans sa yo te louvri pòt yo pa t menm imajine epi yo te montre yo yon verite: lè yon moun jwenn bon eksplikasyon, bon zouti ak bon akonpayman, kote li soti pa oblije limite kote li kapab rive.

Apre plizyè ane nan domèn nan, yo te wè twòp moun nan kominote a pèdi lajan nan software, fòmasyon ak sistèm yo pa t janm rive konprann. Gen moun ki te vle aprann taks, ki te envesti nan tèt yo, men yo te jwenn moun ki te konn prepare taks san yo pa metrize fason pou anseye li. Se la vizyon The Haitian Tax Academy te pran fòs.

YON EKIP KI KONNEN CHEMEN AN

Nou soti lwen. Nou aprann. Kounye a, n ap kreye chemen pou lòt moun.

Akademi an mete ansanm edikatè, tax professionals, antreprenè ak jèn lidè ki pataje menm vizyon an: sèvi ak konesans pou transfòme fanmi epi kreye plis endepandans nan kominote ayisyen an.

Nou pa prezante tèt nou kòm moun ki te kòmanse pafè. Nou te aprann etap pa etap, nou te fè erè, nou te amelyore epi nou te rete konsistan. Se menm prensip sa a nou pote bay chak elèv: ou pa bezwen konnen tout bagay pou w kòmanse, men ou dwe pare pou w aprann, pratike epi aji.

Tax EducationTax SoftwareImmigration ProcessesBusiness FoundationCompany Finance
M
POUKISA NOU EGZISTE

Pou rann sa ki te parèt difisil la fasil pou konprann.

Gen yon diferans ant konnen prepare taks ak konnen anseye taks. Nou kreye Akademi an pou bay kominote a yon metòd ki klè, òganize, pratik epi adapte ak fason moun aprann an Kreyòl.

V
VIZYON NOU

Bati preparatè ki kapab tounen lidè ak pwopriyetè biznis.

Nou vle elèv yo konprann règ yo, sèvi kliyan avèk etik, evite pwoblèm ak IRS epi devlope yon aktivite ki ka kreye opòtinite pou yo ak pou lòt moun.

METODOLOJI HTA

Nou pa fè elèv la memorize sèlman. Nou ede li konprann kijan sistèm nan mache.

01

Senplifye

Nou retire konfizyon ak gwo mo ki fè domèn taks la parèt enposib, san nou pa retire presizyon règ yo.

02

Eksplike

Nou mete tèm anglè elèv la ap wè sou fòm IRS yo ak nan software a ansanm ak eksplikasyon natif natal an Kreyòl.

03

Demontre

Nou montre kijan konsèp la antre sou yon return, kijan pou poze kestyon epi kijan pou li diagnostics software a.

04

Pratike

Elèv yo travay sou senaryo kliyan, mock returns, dokiman ak egzèsis ki sanble ak sitiyasyon reyèl.

05

Verifye

Nou mete due diligence, etik, sekirite enfòmasyon ak verifikasyon sous IRS yo nan sant fòmasyon an.

06

Akonpaye

Nou kontinye mache ak elèv la apre klas la atravè replay, resous, sipèvizyon ak sipò pou lansman.

PLIS PASE YON KLAS

Yon eksperyans aprantisaj ki mennen w soti nan teyori rive nan aplikasyon.

10

modil estriktire

Yon chemen ki soti nan fondasyon Form 1040 rive nan income, credits, Schedule C ak amended returns.

LIVE

ansèyman an Kreyòl

Eksplikasyon, demonstrasyon, kestyon-repons ak koreksyon pou elèv la pa rete ak dout.

PRATIK

software ak senaryo

Elèv la pa sèlman tande: li antre enfòmasyon, li analize epi li prepare returns nan yon anviwònman pratik.

1 AN

replay ak resous

Aksè pou revize leson yo, ranfòse sa ki te difisil epi kontinye aprann nan pwòp rit li.

NOU PA VANN YON KLAS SÈLMAN

Nou ede w wè chemen ki soti nan aprantisaj rive nan yon pwojè biznis.

Nou ede w aplike sa w aprann nan klas la, chwazi kijan w vle kòmanse epi mete zouti ak pwosedi biwo w an plas.

SA W AP APRANN

Prepare deklarasyon taks pou ti biznis ak moun k ap travay pou tèt yo

Nan klas la, nou montre w kijan pou w prepare deklarasyon pou sole proprietors, single-member LLCs ak independent contractors. Ou aprann travay ak revni biznis sou fòm 1099, tankou revni chofè Uber ak Lyft, chofè livrezon ak lòt gig workers.

LANSE PREMYE ANE A

Louvri pwòp biwo taks ou

Si w pare pou w lanse depi premye ane a, nou ede w kòmanse kòm sole proprietor oswa mete pwòp single-member LLC ou sou pye. Nou gen leson ki montre w kijan pou w kreye LLC ou ak òganize biznis ou, epi videyo ki montre w kijan pou w kòmanse bati kredi pou biznis ou. Nan seksyon sou aplikasyon yo, nou montre w kijan pou w mande EIN pou biznis lan, PTIN pou preparatè a ak EFIN pou biwo taks la. Ekip nou an akonpaye w nan etap aplikasyon sa yo pou ede w lanse pwòp biwo w.

PRATIKE AK EKIP LA

Travay avèk nou premye ane a

Si w vle pran eksperyans anvan, ou ka travay ansanm ak ekip Akademi an pandan premye sezon taks ou. Nan dezyèm ane a, nou ede w lanse pwòp biwo taks ou.

LOJISYÈL POU BIWO W

Proselink Tax Software

Nou ede w jwenn Proselink Tax Software, yon lojisyèl pwofesyonèl pou preparatè ak biwo taks. Li fasil pou itilize menm lè w fèk kòmanse. Nou ofri l a yon pri abòdab pou plis lajan rete nan pòch preparatè ak biwo taks k ap sèvi kominote nou an.

SÈTIFIKA AK TRANSPARANS

De etap diferan. De dokiman ki pa vle di menm bagay.

Nou vle chak elèv konprann egzakteman kisa li resevwa, kiyès ki bay li ak kondisyon li dwe satisfè.

01THE HAITIAN TAX ACADEMY

Certificate of Completion

Elèv ki satisfè kondisyon prezans, patisipasyon, travay kou ak evalyasyon Akademi an kapab resevwa yon Certificate of Completion ki konfime li fini pwogram HTA a. Sètifika sa a pa yon lisans pwofesyonèl epi li pa soti nan IRS.

02AFSP • IRS RECORD OF COMPLETION

Yon chemen separe atravè yon IRS-approved CE provider

Atravè afilyasyon avèk yon IRS-approved continuing education provider, elèv ki enskri nan chemen sa a kapab travay pou satisfè kondisyon Annual Filing Season Program lan. IRS mande jeneralman 18 èdtan CE—ki gen ladan yon kou AFTR 6 èdtan avèk tès, 10 èdtan federal tax law ak 2 èdtan ethics—ansanm ak yon PTIN aktif ak konsantman pou respekte sèten règ Circular 230.

Lè tout kondisyon yo fin ranpli, se IRS ki bay AFSP Record of Completion lan. The Haitian Tax Academy pa bay yon “IRS certification,” li pa yon branch IRS epi IRS pa andose Akademi an.

HTA
ANGAJMAN NOU

Siksè elèv nou yo enpòtan pou nou.

Nou pa sèlman resevwa yon peman epi nou disparèt. Nou envesti nan konpreyansyon, pratik ak devlopman elèv la. Nenpòt demann ranbousman rete sijè ak politik ranbousman alekri ki nan kondisyon pwogram nan; nou pa pwomèt revni, kliyan oswa yon rezilta finansye espesifik.

DEVIZ AKADEMI AN

“The Haitian Tax Academy—Where Leaders Create Leaders.”

Action Takers Are Money Makers.
Transparans enpòtan pou nou.

The Haitian Tax Academy se yon inisyativ edikatif Proselink LLC. Fòmasyon an pa ranplase due diligence, enstriksyon IRS oswa konsèy legal ak taks pou yon sitiyasyon espesifik. Kondisyon sètifika, AFSP, PTIN ak continuing education kapab chanje; toujou verifye enfòmasyon aktyèl yo sou IRS.gov.

OU PA BEZWEN KÒMANSE PAFÈ

Ou bezwen kòmanse, aprann epi rete disipline.

Si ou gen vizyon an, nou pare pou ede w devlope konesans ak yon chemen ki òganize.

Pale ak Akademi an →